Portail d’information sur la communauté haitienne de France

Henock Franklin

mercredi 30 mai 2007

Je suis Henock Franklin, je suis né dans la ville des Cayes en Haïti, la ville des philosophes. Je suis un ancien étudiant en philosophie à l’ENS(Ecole Normale supérieure) de Port-au-Prince où j’ai travaillé également comme moniteur de logique et de philosophie en 1998 pour les étudiants de première et de deuxième année de philosophie. Je dédie ce travail à tous les étudiants de l’Ecole Normale supérieure et au mérite de tous les professeurs de cette prestigieuse école où le souci de l’excellence est un devoir.

Mwen sé Henock Franklin, mwen fèt nan vil Okay an Ayiti. Vil filozof yo. Mwen ékri pou tout moun ki sé moun, pou tout moun ki kwè nan moun, pou tout moun gen mounite.

"Yon moun démounizé,

Sé yon moun ki pa ka soti nan li pou ranpli itéya pou-nou yo.

Sé yon moun ki anndan-déyo sa kap pasé.

Sé yon moun ki la li pa la.

Sé yon moun ki mal ranpli espas la.

Yon moun démounizé, sé yon moun ki nan yon sitiyasyon asoto, sa vlé di,

yon sitiyasyon ki anpéché li soti nan li, yon sitiyasyon ki ap kokobe li, yo sitiyasyon

ki ap krazé zo li, yon sitiyasyon ki ap anpéché li moun,

yon sitiyasyon ki anpéché l kom moun.

Yon moun démounizé, sé yon moun ki rété yon koté, koté téko li pa maché.

Nan yo mo, sé yon moun ki yon koté li pa ka tekote.

Yon moun démounizé tou lè li pèdi mounite li ki sé bagay ki pi wo kay yon moun.

Mounite sé bagay ki lévé moun. Bèlmoun fè bèl bagay paske yo gen mounite.

Yo pa ka fè bèl, yo pa fè lèd.

Yon moun san mounite devan yon bagay wè bagay la pou li menm-menm ; men yon moun ki

gen mounite wè bagay la pou bagay la.

Gen gwo bagay ki tou piti, gen ti bagay ki men gwosè.

Yon moun pèdi démounite li chak fwa li mété yon bagay teyèl ou iteyèl anvan moun

ki sé pi bèl egzista ki genyen."

Essai disponible en librairie

Auteur : Henock Franklin

Titre : Moun demounize

ISBN : 2-915887-00-4

EAN : 9782915887006


Forum

Accueil du site | Contact | Plan du site | Espace privé | Statistiques | visites : 621226

Site réalisé avec SPIP 1.9.2a + ALTERNATIVES

     RSS fr RSSCréation littéraire RSSPoètes et écrivains   ?

Creative Commons License